Skip to content

Summer BreakSpot 2025 te rive!

Nan objektif pou ede timoun ki viv nan Eta Florid yo jwenn bonjan manje pandan vakans ete yo, Ajans Agrikilti ak Pwoteksyon Moun ki Itilize Byen ak Sèvis Eta Florid (Florida Department of Agriculture and Consumer Services) mete ansanm ak lekòl ak òganizasyon yo pou bay timoun ak adolesan yo manje gratis nan zòn kote moun yo pa gen gwo mwayen. Pwogram vakans ete BreakSpot la bay timoun ki gen laj 18 an oswa mwens, plizyè repa gratis nan moman lekòl yo fèmen pandan vakans ete yo. Men plizyè fason pou moun jwenn ki kote ki gen BreakSpot pandan vakans ete yo:

  • Rele nan (850) 617-7170
  • Vizite sit entènèt SummerBreakSpot.org

Kote y ap fè BreakSpot pandan vakans ete yo gen ladan yo espas ki antre lib ak kan (pou tou rete dòmi ak sa ki pa pou rete dòmi). Espas antre lib yo se kote manje yo disponib pou tout timoun nan zòn nan, se moun ki rive an avan yo y ap sèvi anvan. Kondisyon pou yo aksepte ak ki te moun patisipe nan Pwogram nan se menm yo pou tout timoun kèlkeswa ras, koulè, peyi yo sòti, sèks, laj oswa andikap, epi p ap gen okenn diskriminasyon pandan y ap ofri repa yo.

Pwogram vakans ete BreakSpot se yon pati nan (National Summer Food Service Program) Pwogram Nasyonal Distribisyon Manje pandan Vakans Ete a, yon pwogram federal Ministè Agrikilti peyi Etazini (USDA) mete sou pye e finanse. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite sit entènèt SummerBreakSpot.org.

Dapre lwa Federal dwa sivil yo ak règleman ak politik sou dwa sivil Depatman Agrikilti Etazini (USDA), enstitisyon sa a entèdi pou fè diskriminasyon sou baz ras, koulè, nasyon kote moun sòti (sa gen ladan l lè moun pa pale Anglè byen), sèks, laj, enfimite oswa reprezay oswa revanj pou aktivite dwa sivil moun te mennen avan sa.

Li posib pou enfòmasyon sou pwogram yo disponib nan lòt lang anplis Anglè. Moun ki enfim e ki bezwen lòt kalite mwayen kominikasyon nan kad pwogram enfòmasyon an (pa egzanp Bray, gwo lèt, anrejistreman odyo, Lang Siy Ameriken), ta dwe kontakte responsab ki jere program nan pou Ajans lokal oswa nan Eta a oswa kontakte USDA pa mwayen Sèvis Federal ak Entèprèt nan 711 (vwa ak aparèy pou tape).

Pou depoze yon plent pou diskriminasyon an rapò ak pwogram nan, yon moun k ap depoze l la dwe ranpli yon Fòm AD-3027, Fòmilè pou plent sou diskriminasyon anrapò ak pwogram USDA, li ka jwenn sou sit entènèt: USDA Discrimination Complaint Form (fdacs.gov), nan nenpòt biwo USDA, lè w rele (866) 632-9992, oswa lè w ekri yon lèt voye bay USDA. Lèt la dwe genyen non moun ki depoze plent lan, adrès li, nimewo telefòn li, ak tout detay alekri sou diskriminasyon li di li te sibi a; li dwe bay ase detay pou byen esplike Sekretè Adjwen Dwa Moun nan (OASCR) ki sa ki te pase ak dat vyolasyon dwa moun l ap rapòte a te rive. Fòmilè AD-3027 lyo ranpli a oswa lèt la dwe al jwenn USDA pa:

lapòs:

U.S. Department of Agriculture

Office of the Assistant Secretary for Civil Rights

1400 Independence Avenue, SW

Washington, D.C. 20250-9410; oswa

imel:

[email protected]

Enstitisyon sa a founi moun sèvis san okenn paspouki.

Spanish