Konsènan Summer BreakSpot
Summer BreakSpot distribye repa nourisan pou gratis bay timoun laj maksimòm 18 lane pandan gran vakans ann ete. Summer BreakSpot fonksyone nan lekòl, ONG epi antite leta, tankou pak epi bibliyotèk piblik, epi li ranbouse òganizasyon ki patisipe yo pou repa a travè pwogram Sèvis Manje pou Ete nan Depatman Agrikilti Etazini an (USDA) oubyen pwogram Seamless Summer Option lan.
Lè fen ane lekòl la rive, Summer BreakSpot pran plas li!
Nan tout Florid, lokal Summer BreakSpot yo ofri repa ak ti goute gratis pou timoun ak adolesan ki gen 18 an oswa mwens, pou konble mank manje pandan mwa ete yo.
Ou ka jwenn espas disponib tankou nan lekòl, bibliyotèk, pak, ak sant kominotè, sa ki fè li fasil pou jwenn yon kote ki anfòm nan woutin fanmi w. Lè yo ajoute nouvo sit, yo mete kat kote yo ajou de fwa chak jou.
Pa gen okenn aplikasyon oswa enskripsyon ki nesesè. Jis jwenn yon sit epi parèt!
: Kesyon Yo Poze Souvan
If you’re new to Summer BreakSpot, we’ve put together some frequently asked questions to help you get started. And if you have any other questions, reach out to our team at [email protected] or call 2-1-1 for assistance finding a site near you.
Kisa ki Summer BreakSpot lan?
Summer BreakSpot, se yon pwogram gouvènman federal la finanse ki vize pou konbat grangou pandan mwa ete yo, li pèmèt òganizasyon yo sèvi repa nitritif bay timoun nan Florida yo aprè kou yo fini.
KÒMAN POU MWEN JWENN YON LOKAL DISTRIBISYON REPA?
Lè lekòl fèmen pou ete a, sitwèb nou yo rete ajou gras ak yon kat entèraktif ki pèmèt ou jwenn kote yo sèvi repa.
What kind of food is served at Summer BreakSpot Sites?
Lokal Summer BreakSpot yo sèvi repa ekilibre ki nourisan epi ki satisfè direktiv USDA yo.
Nan manje maten yo genyen:
- 1 serving of dairy or nondairy beverages that are nutritionally equivalent to fluid milk
- 1 pòsyon fwi oubyen legim
- 1 pòsyon sereyal
Nan Manje Midi/Soupe yo genyen:
- 1 serving of dairy or nondairy beverages that are nutritionally equivalent to fluid milk
- 2 pòsyon fwi epi/oubyen legim
- 1 pòsyon sereyal
- 1 pòsyon pwoteyin
Snak yo genyen 2 nan sa yo:
- 1 serving of dairy or nondairy beverages that are nutritionally equivalent to fluid milk
- 1 pòsyon fwi oubyen legim
- 1 pòsyon sereyal
- 1 pòsyon pwoteyin
ÈSKE MOUN GEN POU PEYE POU REPA YO?
Repa yo gratis. USDA egzije pou yo sèvi repa yo gratis bay timoun yo.
PA GEN LOKAL NAN ZÒN MWEN. KISA M KA FÈ POU JWENN YOUN KI DISPONIB POU TIMOUN NAN ZÒN MWEN NAN VAKANS LANE PWOCHÈN?
Kontakte biwo nou pou wè si gen patnè deja nan zòn ou an. Voye yon imèl nan [email protected] oubyen telefone 1-800-504-6609. Si pa genyen lokal distribisyon manje nan zòn ou, ou kapab jwenn patnè kominotè. Distrikt skolè, ONG oubyen ajans leta kapab vin patnè ki an chaj administre pwogram lan.
KIYÈS KI FINANSE SUMMER BREAKSPOT?
Pwogram Summer BreakSpot lan, ki gen non Summer Food Service Program tou, resevwa finansman federal anba Depatman Agrikilti Etazini an (USDA) epi, nan eta Florid lan, li anba administrasyon Depatman Agrikilti ak Sèvis Konsomatè an. Nan nivo lokal yo, lokal distribisyon yo anba operasyon ONG ki distribye manje an pou USDA ranbouse yo.
ÈSKE PWOGRAM LAN BAY TRANSPÒ?
Nan zòn iben yo, moun kapab rive nan anpil lokal a pye. Gen sèten lokal ki mobil epi ki vizite divès zòn pandan jounen an. Si sa se yon pwoblèm pou ou, kontakte local distribisyon ki nan zòn ou epi mande si yo bay transpò.
KI EGZIJANS YO POU PITIT MWEN RESEVWA REPA YO?
Nan preske tout lokal yo, pa gen aplikasyon pou fè epi nenpòt timoun ki gen laj maksimòm 18 lane kapab senpleman vini pandan lè manje yo pou resevwa yon repa.