Skip to content

Bay Timoun nan Florid Enèji pandan Gran Vakans

Ou pare pou kòmanse? Enfòmasyon pou enskri oubyen kontakte nou nan telefòn 1-800-504-6609.

Nòt: Tout nouvo patnè kominotè yo dwe pou yo pre pou fè yon fòmasyon nan mwa fevriye.
Jwenn plis enfòmasyon sou pwogram lan epi kisa ki pou fèt sou sit wèb USDA an.

Vin yon Patnè Kominotè Summer BreakSpot

Timoun ki konte sou repa skolè yo pandan ane lekòl lan souvan pa ka jwenn repa nourisan pandan mwa gran vakans lan. Lè ou bay sipò kòm patnè kominotè sa kapab ede garanti manje nan gran vakans lan.

Èske ou enterese pou vin yon patnè kominotè nan Summer BreakSpot? Si òganizasyon ou an deja ap founi sèvis nan kominote an epi si staf ou gen konpetans ak eksperyans pou jere pwogram sèvis alimantè, ou petèt ka patisipe.

Kisa ki Summer BreakSpot lan?

Summer BreakSpot, yon pwogram ki resevwa finansman federal, te kreye pou garanti aksè nan manje, epi li pèmèt òganizasyon sèvi repa nourisan bay timoun nan Florid pandan vakans yo. Òganizasyon yo pral jere lajan leta epi ou pap peye pri repa yo ni lokal yo jere yo.

Enskri pou Jwenn Plis Enfòmasyon

Pwogram Sèvis Alimantè ann Ete an epi opsyon pou ete Seamless Summer Option, ki a yo de pote non Summer BreakSpot, fonksyone nan lekòl, ONG epi lòt òganizasyon kominotè lè lekòl pap travay. Pandan ete pase yo, sponsò Summer BreakSpot yo te sèvi plis pase 47,000,000 repa bay preske 4,000 lokal nan tout eta an.

A travè Pwogram Summer BreakSpot lan, òganizasyon kapab founi repa nourisan pou gratis bay timoun ki nan zòn ki gen revni fèb a travè divès pwogram, tankou kan dete epi pwogram paraskolè. Òganizasyon ki kalifye yo kapab resevwa ranbousman pou fè fonksyone pwogram yo epi pou depans administratif sou kantite repa elijib yo sèvi yo. Pou yo kapab elijib, se pou òganizasyon yo:

  • Founi sèvis pèmanan nan kominote an.
  • Sèvi repa sou yon orè regilye bay timoun oubyen bay repa yo nan kad yon pwogram òganize pou timoun ki enskri nan kan.
  • Demontre yo gen kapasite finansye epi administratif pou fè pwogram lan fonksyone.

Vin yon lokal pou sèvi manje. Paske Grangou pa Pran Vakans ann Ete.

Timoun yo ki konte sou kantin skolè pandan ane skolè an souvan pa jwenn manje ki bon pou yo pandan mwa gran vakans yo. Men men kijan ou kapab chanje sa.

Si ou enterese pou vin yon lokal Summer BreakSpot, nou pral mete lokal ou an korespondans avèk yon patnè kominotè ki pral founi manje yo epi okipe tout lòt bagay.

Lè ou parèt sou list lan kòm lokal aktif anba yon patnè ki enskri deja sa vle di:

  •  Patnè kominotè an ta pran responsabilite finansyè pou fonksyònman pwogram kantin ou an epi li ta responsab tou aplikasyon, egzijans sou konpozisyon repa yo, ranbousman, e latriye.
  • Òganizasyon ou an ta resevwa epi sèvi bay timoun yo manje an ki soti nan men patnè kominotè an.
  • Se pou òganizasyon yo patisipe nan fòmasyon anba patnè kominotè ki enskri deja an.

Si ou ta renmen patisipe kòm lokal, silvouplè telefone nou nan nimewo 1-800-504-6609 oubyen kontakte Jaren Vass nan adrès [email protected] pou plis enfòmasyon.

Kids eating
Haitian Creole