Skip to content

JWENN REPA SAN W P AP PEYE TOUPRE W
Near You

POU TIMOUN FLORID KI GEN 18 AN OSWA KI POKO GENYEN L

Nan tout Florid, plizyè milye etablisman Summer BreakSpot ap sèvi repa ak ti goute gratis pou timoun ak adolesan pandan lekòl la fèmen. Gen sit ki disponib nan kote moun abitye tankou lekòl, bibliyotèk, legliz, pak ak sant kominotè ki ofri manje maten, manje midi, soupe ak/oswa ti goute.

 

Itilize kat entèraktif la pou w jwenn yon Summer BreakSpot ki toupre w.
Ou ka rele 2-1-1 tou pou yo ede w jwenn yon kote.

 

Jis antre adrès ou oswa kòd postal ou epi chwazi opsyon ki kòrèk la nan lis la. Ou ka itilize filtè yo tou pou jwenn yon sit ki satisfè bezwen inik ou yo. Si pa gen okenn kote ki parèt nan zòn ou an, verifye ankò pita. Yo mete kat la ajou de fwa chak jou pandan y ap ajoute nouvo sit.
Haitian Creole