Summer BreakSpot 2026 te rive!
Pou ede asire timoun nan Florid yo jwenn bon manje ki bon pou sante yo pandan vakans ete a, Depatman Agrikilti ak Sèvis Konsomatè nan Florid (Florida Department of Agriculture and Consumer Services) travay ansanm ak lekòl ak òganizasyon yo pou bay timoun ak jèn ki nan zòn kote moun pa gen anpil kòb manje gratis. Pwogram Summer BreakSpot la bay timoun ki gen 18 an oswa mwens manje gratis pandan lekòl yo fèmen pou ete a. Gen plizyè fason pou w jwenn yon kote yo bay sèvis Summer BreakSpot:
- Rele 2-1-1
- Ale sou sitwèb SummerBreakSpot.org
Kote yo bay sèvis Summer BreakSpot yo gen ladan yo espas ki louvri pou tout moun ak kan (kan kote moun rete ak kan kote moun pa rete). Espas ki louvri yo se kote tout timoun nan zòn nan kapab jwenn manje selon lòd yo rive a (premye vini, premye sèvi). Kondisyon pou aksepte ak patisipe nan Pwogram nan se menm pou tout timoun, san gade sou ras, koulè po, peyi kote yo soti, sèks, laj, oswa si yo gen andikap, epi pap gen okenn diskriminasyon pandan sèvis distribisyon manje a.
Summer BreakSpot fè pati Pwogram Nasyonal Sèvis Manje pandan Ete a (National Summer Food Service Program), ki se yon pwogram gouvènman federal la peye epi se Depatman Agrikilti Ozetazini (USDA) ki dirije l. Pou plis enfòmasyon, tanpri ale sou sitwèb SummerBreakSpot.org.
An akò ak lwa federal sou dwa sivil ak règleman ak politik Depatman Agrikilti Etazini (U.S. Department of Agriculture, USDA) sou dwa sivil, enstitisyon sa a entèdi fè diskriminasyon sou baz ras, koulè, orijin nasyonal, sèks, andikap, laj, oswa reprezal oswa vanjans poutèt yon aktivite dwa sivil ou te fè anvan.
Enfòmasyon sou pwogram nan ka disponib nan lang lòt pase Angle. Moun ki gen andikap ki bezwen lòt fason pou kominike pou jwenn enfòmasyon sou pwogram nan (pa egzanp: Braille, gwo lèt enprime, odyoteyip, oswa Lang Siy Ameriken), ta dwe kontakte ajans leta oswa lokal ki responsab aplikasyon pwogram lan, oswa kontakte Sant Teknoloji ak Resous Aksè Fè Travay Disponib Jodi a (Technology and Accessible Resources Give Employment Today Center, TARGET Center) USDA a nan nimewo (202) 720-2600 (vwa oswa TTY), oswa kontakte USDA atravè Sèvis Relè Federal nan nimewo (800) 877-8339.
Pou depoze yon plent pou diskriminasyon nan pwogram nan, moun k ap pote plent lan dwe ranpli Fòmilè AD-3027, Fòmilè Plent pou Diskriminasyon nan Pwogram USDA, yo ka jwenn sou entènèt nan Fòmilè Plent pou Diskriminasyon nan Pwogram, Angle [ 409.6 kB], Fòmilè Plent pou Diskriminasyon nan Pwogram, Panyòl [
389.3 kB] ak Fòmilè Plent pou Diskriminasyon nan Pwogram, Kreyòl Ayisyen [
185.2 kB], nan nenpòt biwo USDA, lè yo rele (866) 632-9992, oswa lè yo ekri yon lèt adrese a USDA. Lèt la dwe genyen non, adrès, nimewo telefòn moun ki ap depoze plent lan, ansanm ak yon deskripsyon ekri sou aksyon diskriminatwa yo swadizan fè a, ak ase detay pou enfòme Sekretè Asistan pou Dwa Sivil (Assistant Secretary for Civil Rights, ASCR) sou nati ak dat vyolasyon dwa sivil la. Fòmilè AD-3027 oswa lèt ki konplè a dwe soumèt bay USDA pa:
Lapòs:
U.S. Department of Agriculture
Office of the Assistant Secretary for Civil Rights
1400 Independence Avenue, SW
Washington, D.C. 20250-9410; oswa
Faks:
(833) 256-1665 oswa (202) 690-7442; oubyen
Imèl:
[email protected]