Skip to content

Materyèl Sansibilizasyon

Èske wap chèche resous pou fè moun konnen Summer BreakSpot nan zòn ou? Anba la a, wap jwenn tèkst, resous medya sosyal, epi lòt bagay pou pèmèt ou fè sansibilizasyon epi pwomosyon pou lokal Summer BreakSpot ou an.

Group holding SBS sign

Depliyan epi Postè Piblisitè

Tout depliyan avèk postè yo gen doub fas. Rekto: Anglè; vèso: Panyòl epi Kreyòl.

11" x 17" All Languages Customizable Poster

8.5" x 11" All Languages Flyer

Banyè Wèb

Telechaje banyè wèb sa yo sou imèl, sit wèb, epi lòt resous ki anliy.

Mesaj sou Medya Sosyal

  • Repa gratis disponib pou timoun avèk adolesan pandan lekòl pap travay. Vizite SummerBreakSpot.com pou jwenn yon lokal nan zòn ou.
  • Lokal nan tout eta Florid lan ap bay repa gratis, nourisan pou kenbe timoun an sante pandan lekòl pap travay. Vizite SummerBreakSpot.com pou jwenn yon lokal nan zòn ou.
  • Jwenn yon lokal nan zòn ou kap sèvi repa gratis pou timoun pandan lekòl pap travay. Adrès lokal yo epi lè ouvèti yo mete a jou chak jou sou sit SummerBreakSpot.com lan.

Kalandriye Kominotè

Sèvi avèk egzanp tèkst sa a pou difize enfòmasyon sou sèvis kantin ou an sou kalandriye kominotè. Veye pou toujou mete lè manje an ap sèvi epi adrès konplè an.

Summer BreakSpot ofri repa gratis, nourisan bay timoun avèk adolesan jiska 18 lane pandan vakans nan lekòl yo. (METE NON LOKAL OU AN) pral sèvi repa gratis pou pote ale nan (METE ADRÈS KONPLÈ LOKAL LAN) a pati de (METE LÈ/DAT YO). Pa genyen fòm pou ranpli ni enskripsyon ki pou fèt pou patisipe.

Resous Anplis pou Nouvo Patnè epi sa ki la deja yo

Gid pou Sipèvizè Lokal yo

Yon Pwogram Kantin Gran Vakans pou Timoun ki reyisi dwe anba bon sipèvizyon, byen òganize epi se pou li ofri yon anviwònman kote timoun an sekirite pou sèvi timoun yo repa ki fèt avèk engredyan frè, apetisan epi byen ekilibre. Pou fonksyone kòmsadwa, staf lokal lan dwe devwe, gen konesans epi konpasyon. Kòm sipèvizè lokal lan, se ou ki bay egzanp pou travayè ki avèk ou yo, epi se ou ki pral finalman fè patnè kominotè ou an reyisi oubyen echwe nan pwogram lan. Li enpòtan pou ou kenbe dosye ki fyab, rapòte pwoblèm ou wè nan manje epi sekirite an bay patnè ou an, epi kenbe envantè an pou asire siksè pwogram patnè ou. Lè ou byen swiv direktiv pwogram lan epi ou travay ann ekip avèk patnè ou pandan peryòd vakans skolè yo, ou kapab asire lokal ou pral founi repa avèk snak esansyèl ki nourisan bay timoun nan katye an ki nan bezwen.

Resous Depatman Agrikilti Etazini (USDA) yo ki sou paj sa a bay plis enfòmasyon. Note byen USDA bay "patnè kominotè" yo non "sponsò."

Woman and kids playing cornhole outslide
Haitian Creole