Skip to content

Fanmi nan Florid

Summer BreakSpot distribye repa nourisan pou gratis bay timoun laj maksimòm 18 lane pandan gran vakans ann ete. Summer BreakSpot fonksyone nan lekòl, ONG epi antite leta, tankou pak epi bibliyotèk piblik, epi li ranbouse òganizasyon ki patisipe yo pou repa a travè pwogram Sèvis Manje pou Ete nan Depatman Agrikilti Etazini an (USDA) oubyen pwogram Seamless Summer Option lan.

Paran ak Fanmi

Si ou pa konnen pwogram Summer BreakSpot lan, men kestyon moun poze souvan avèk tout repons yo. Si ou genyen lòt kestyon ankò, kontakte biwo nou nan sit [email protected] oubyen telefone 1-800-504-6609.[email protected] or by phone at 1-800-504-6609.

Grandfather holding grandson

PA GEN LOKAL NAN ZÒN MWEN. KISA M KA FÈ POU JWENN YOUN KI DISPONIB POU TIMOUN NAN ZÒN MWEN NAN VAKANS LANE PWOCHÈN?

Kontakte biwo nou pou wè si gen patnè deja nan zòn ou an. Voye yon imèl nan  [email protected] oubyen telefone 1-800-504-6609. Si pa genyen lokal distribisyon manje nan zòn ou, ou kapab jwenn patnè kominotè. Distrikt skolè, ONG oubyen ajans leta kapab vin patnè ki an chaj administre pwogram lan.

KI KALITE MANJE YO SÈVI NAN SUMMER BREAKSPOT?

Lokal Summer BreakSpot yo sèvi repa ekilibre ki nourisan epi ki satisfè direktiv USDA yo.

Nan manje maten yo genyen:

  • 1 pòsyon lèt
  • 1 pòsyon fwi oubyen legim
  • 1 pòsyon sereyal

Nan Manje Midi/Soupe yo genyen:

  • 1 pòsyon lèt
  • 2 pòsyon fwi epi/oubyen legim
  • 1 pòsyon sereyal
  • 1 pòsyon pwoteyin

Snak yo genyen 2 nan sa yo:

  • 1 pòsyon lèt
  • 1 pòsyon fwi oubyen legim
  • 1 pòsyon sereyal
  • 1 pòsyon pwoteyin

KIYÈS KI FINANSE SUMMER BREAKSPOT?

Pwogram Summer BreakSpot lan, ki gen non Summer Food Service Program tou, resevwa finansman federal anba Depatman Agrikilti Etazini an (USDA) epi, nan eta Florid lan, li anba administrasyon Depatman Agrikilti ak Sèvis Konsomatè an. Nan nivo lokal yo, lokal distribisyon yo anba operasyon ONG ki distribye manje an pou USDA ranbouse yo.

ÈSKE PWOGRAM LAN BAY TRANSPÒ?

Nan zòn iben yo, moun kapab rive nan anpil lokal a pye. Gen sèten lokal ki mobil epi ki vizite divès zòn pandan jounen an. Si sa se yon pwoblèm pou ou, kontakte local distribisyon ki nan zòn ou epi mande si yo bay transpò.

ÈSKE MOUN GEN POU PEYE POU REPA YO?

Repa yo gratis. USDA egzije pou yo sèvi repa yo gratis bay timoun yo.

KI EGZIJANS YO POU PITIT MWEN RESEVWA REPA YO?

Nan preske tout lokal yo, pa gen aplikasyon pou fè epi nenpòt timoun ki gen laj maksimòm 18 lane kapab senpleman vini pandan lè manje yo pou resevwa yon repa.

KÒMAN POU MWEN JWENN YON LOKAL DISTRIBISYON REPA?

Lè lekòl yo lage pou gran vakans lan, sit wèb nou an rete a jou avèk yon kat entèyaktif ki pèmèt moun jwenn sit distribisyon yo. Ou kapab jwenn yon sit tou lè ou voye SMS "Food" bay nimewo 304-304.

Jwenn yon Lokal

Haitian Creole